Quel est le problème de l'aide internationale? elle n'est pas locale/Ki pwoblèm ki genyen ak èd entènasyonal la? li pa lokal. - Building Markets

Quel est le problème de l’aide internationale? elle n’est pas locale/Ki pwoblèm ki genyen ak èd entènasyonal la? li pa lokal.

by Barbara Saint-Cirin
January 5, 2012

Moins de 5 % de l’argent de l’aide internationale qui est destinée à aider les pays en besoin, est vraiment dépensé dans ces pays.  Cliquez sur le lien de la vidéo (en créole et français) ou regardez le montage photo en créole ci-dessous pour savoir pourquoi et surtout comment on peut changer cette situation.  (pour voir la vidéo en anglais, cliquez ici http://www.peacedividendtrust.org/)

Lien vidéo:  http://youtu.be/8KqY0Bu_NBg

Montage photo avec texte en créole:

lè yon gwo desas, oswa yon gwo kalamite tankou yon katastwòf natirèl oswa yon konfli frape yon peyi sou latè, anpil gouvènan, ak òganizasyon entènasyonal mete tèt ansanm, pote sipò ak èd pou ede fè fas ak kris ki frape peyi sa a...
Nasyon zini, ONG, bayè entènasyonal, ak lòt gwo konpayi pare operasyon pou pote sekou, tanmen rekonstriksyon enfrastrikti ki te kraze yo…
Sa se bèl bagay, pa vre? men, konbyen lajan èd sa yo ki depanse nan peyi ki nan nesesite a?
pa anpil. yon ti kraze monnen tankou 5 % sèlman nan bidjè sa yo kon antre nan ekonomi lokal la...
anpil nan pwodui ki nesesè pou realize operasyon sa yo, soti nan peyi lotbò dlo...
pouki sa dwe yon pwoblèm pou kite sèten peyi pran dwa granmoun yo, san yo pa bezwen depann de èd ak assistans entènasyonal? non sèlman peyi sa yo bezwen lopital ak wout, se vre, min li nesesè ke yo genyen yon ekonomi kap travay, kap fonksyone, ki pakab bay jòb epi founi tout sèvis popilasyon an bezwen...
pandan ke anpil milya dola ap depanse pou operasyon misyon lapè ak ong, 3/4 nan lajan sa a tounen al jwen gwo peyi devlope ki te bay la. alòs ke yon ti kwaze monen rete dèyè pou ti peyi soudevlope yo. bagay sa vin kree yon systèm ki lakòz ti peyi sa yo toujou ap tann, yo toujou depann de èd ak asistans nan men peyi lòtbò dlo yo, alòs ke popilasyon peyi sa yo toujou rete nan chomaj, devlopman ekonomi an pa vanse rapid, e sa kon lakòz enstabilite...
ki solysyon? pase pou li kontinye ap voye machandiz ak lot sèvis nan ti peyi yo, pou ka fe pwojè, kominote entènasyonal la te dwe komanse achte pwodui lokal yo...
pwojè Peace Dividend Marketplace la kree pou pèmèt nou fè fas ak gwo pwoblèm sa yo
pwojè PDM nan idantifye tout sèvis ki ka fasilite relasyon ant kominote entènasyonal la ak konpayi lokal yo e pote sèvis sa yo tout kote yo idantifye ki fè biznis.
andedan pwojè sa a, yo bay fòmasyon pou antrepriz lokal yo pou pèmèt biznisman yo byen prepare dokiman apèl dòf yo e konn kijan pou yo chèche yo...
mete an plas yon repètwa online kote w ka jwen byen fasil tout adress konpayi lokal yo ki kapab bay bon jan sèvis...
pwojè Peace Dividend Marketplace la deja pèmèt yo redirije plizyè milyon dola vèt andedan ekonomi peyi tankou, Afghanistan, Ayiti ak Timor-Leste, pou kree plizyè milye opòtinite ak jòb kote ki te genyen plis bezwen…
Peace Dividend Marketplace se yon pwojè ke òganizasyon Peace Dividend Trust devlope, yon antrepriz ki pa la pou fè pwofi, min ki la pou chèche epi teste lòt lide ki pou ranfòse lapè epi amelyore èd kominote entènasyonal la.

More from this author -

Latest News -